Kredi endividyèl

Grandi biznis ou ak lapè nan tèt ou

Kredi endividyèl la fèt pou satisfè bezwen mikwo-antreprenè ki gen yon aktivite revni.

Avantaj yon Kredi Endividyèl

  • Jwenn Kredi sòti nan 25,000 HTG jiska 100,000 HTG
  • Ranbouse kredi a nan yon peryòd ki sòti nan youn (1) pou rive vennkat  (24) semèn
  • Resevwa sipò pandan sik kredi a lè w resevwa konsèy finansye sou kòman yo grandi biznis ou (pou manb ESHO)
  • Resevwa sipò maketing pou elaji rezo biznis ou an (pou manb ESHO)
  • Jwenn pousantaj ki pi bon
  • AVANYAJ MANB ESHO
  • Enterè kredi ou ap 10%
  • Wap genyen 2 semèn gratis avanw kòmanse peye
  • Enterè penalite ou ap 7%
  • 5% pri redwi sou tout produi HOMS yo 

Pou pran yon kredi Endividyèl, li nesesè pou ou

  • Gen yon kat Idantite ki valab
  • Siw wap mande kredi plis ke swasant mil goud fòk ou genyen 2 pyès ke leta konnen. (paspò, Lisans, Kat dèmalòg)
  • Fòk ou gen pi piti ke 21 ane
  • Fòk ou ap viv ayiti
  • Fòk ou se mèt biznis la
  • Fòk ou gen 2 temwen
  • Siw se Manb ESHO se yon atou
Ede Oganizasyn Hotspot One (OHO) voye yon timoun lekòl ane ap yon gwo siksè pou nou, lane pase nou te voye 15 timoun lekòl ane sa nou vle double kantite a. mwen kòmanse deja se ou menm?
Voye yon timoun ayiti lekòl, se sekirite, an nou ede Oganizasyon Hotspot One (OHO) ane sa.