ABOUT US

Kèk bagay ou dwe konnen sou nou

Ekonomi Solidarite Hotspot One (ESHO) kreye nan dat ki te 06 Desanm 2020. Li se yon rezo
mityèl ki regwoupe fanmi, zanmi ak kòlèg ki pataje menm opinyon ki ap viv nan peyi letranje ki
chwazi mete ekonomi yo ansanm pou rive devlope Ekonomi Solidè.

Ekonomi Solidarite HOTSPOT ONE (ESHO) tabli sou baz yon akò volontè ak responsablite
pèsonèl. Nou pa fòse moun vini ladan li epi yon manb genyen dwa pa kontinye rete nan Estrikti
a pou volonte pa li. Sepandan, tout sa ap fèt selon pwosedi ki trase nan Règleman Entèn Ekonomi Solidarite HOTSPOT ONE (ESHO

Objektif Ekonomi Solidarite HOTSPOT ONE (ESHO) se:
Ede tout manb Ekonomi Solidarite HOTSPOT ONE (ESHO) reyalize pwojè yo epi kolekte
ansanm ekonomi yo genyen pou rive tabli yon bon baz pou devlope Ekonomi Solidè nan mitan
Ayisyen ak Ayisyèn ).

Angaje nan kenbe moun an sante ak kè kontan

Ekonomi Solidarite Hotspot One (ESHO) Se yon rezo mityèl ki regwoupe fanmi, zanmi ak kòlèg ki pataje menm opinyon ki ap viv nan peyi Letranje ki chwazi mete Ekonomi yo ansanm pou rive devlope Ekonomi Solidè.

KOMITE ESHO

Ekonomi Solidarite HotSpot One (ESHO) la ap jere pa mwayen yon komite ki genyen non: Komite Manb Fondatè (KMF). 

Epi ki ap administre ak yon komite ki genyen senk (5) manb ki se :

Prezidan:

➢ Konvoke reyinyon pou planifye aktivite anyèl ak bidjè Rezo an.
➢ Anime reyinyon KMF ak delibere sou desizyon Komite a ap pran.
➢ Otorize depans sou lajan kotizasyon manb Rezo an.
➢ Otorize entegrasyon nouvo manb nan Rezo an.
➢ Siyen pwosè vèbal reyinyon ak tout dosye administrasyon KMF.

Sekretè Jeneral:

➢ Asiste Prezidan an nan reyinyon li yo kòm manb ki ap distribiye la pawòl.
➢ Redije pwosè vèbal reyinyon Òdinè oubyen Ekstrawodinè yo.
➢ Resevwa dosye nouvo manb ak kominike yo bay Prezidan an.
➢ Fè mesaj rapèl ak tout fetan mwa yo epi sou dwa kotizasyon yo.
➢ Konsève tout achiv KMF a genyen.
➢ Siyen ak Prezidan an pwosè vèbal reyinyon Òdinè oubyen Ekstrawodinè yo ak tout dosye administratif KMF.

Responsab Trezò:

➢ Prepare bidjè kotizasyon mansyèl ak anyèl manb Rezo an.
➢ Prepare bidjè selebrasyon anyèl manb Rezo an.
➢ Resevwa montan don kotizasyon manb Rezo an.
➢ Dedwi taks obligatwa ak penalite sou reta pèman kotizasyon manb Rezo an.
➢ Prezante rapò kotizasyon mansyèl manb yo ak rapò depans selebrasyon anyèl Rezo an.
➢ Siyen avèk Prezidan an Rapò depans mansyèl ak anyèl Rezo an

Pòt Pawòl:

➢ Reprezante Prezidan an ak Sekretè Jeneral la pou pote mesaj nan bouch oubyen ekri.
➢ Asiste Sekretè Jeneral la nan divès fòm kominikasyon li yo.
➢ Pran la pawòl piblik nan non KMF.
➢ Dirije la pawòl tankou mèt seremoni lè genyen selebrasyon anyèl Rezo an.

Konseye Jeneral:

➢ Bay konsèy sou tout desizyon KMF ap pran nan non Rezo an.
➢ Veye sou bon jesyon KMF epi fè rekòmandasyon sou fay li wè ki genyen.
➢ Jwe wòl abit lè genyen bouch louvri nan mitan manb KMF yo ak rès manb Rezo an.

Ede Oganizasyn Hotspot One (OHO) voye yon timoun lekòl ane ap yon gwo siksè pou nou, lane pase nou te voye 15 timoun lekòl ane sa nou vle double kantite a. mwen kòmanse deja se ou menm?
Voye yon timoun ayiti lekòl, se sekirite, an nou ede Oganizasyon Hotspot One (OHO) ane sa.